Sektè Demokratik e Popilè a kanpe bò Kote Polisye kap travay nan move kondisyon pou bay pèp la timoso sekirite nan yon moman Kote Pouvwa PHTK Jovenel Moise la fè Gwo alyansay ak Bandi yo pou kreye latèrè yon mannyè pou PHTK kapab kenbe Pouvwa a sou San pèp la nan Kontinye vyole Konstitisyon ak lwa peyi a
Sektè Demokratik e Popilè a kondane yon lòt fwa ankó Zak asasinay Ki te fèt nan vilaj dedye sou 5 jèn Polisye jou ki te vandredi 12 Mas la. Léon Charles ak Jovenel Moise se 2 prensipal responsab Sak pase nan vilaj dedye a.Tout moun konnen G9 Babekyou ap dirije a se Jovenel Moise, Michel Martelly ak Tout mesyedam PHTK yo Ki kreye li.
Sektè Demokratik e Popilè a kondane konpòtman Lawont Léon Charles Ki mete ajenou nan pye Bandi yo pou Lapolis te ka rejwenn cha blende Bandi yo te kenbe a pandan Léon Charles Kite Kadav Polisye yo Asaninen yo nan Vilaj la pou chen Manje yo.

Sektè Demokratik e Popilè a Mande Popilasyon an nan 4 kwen peyi a Mobilize, kanpe ak Polisye Nou yo jouk Nou rive Jwenn kadav polisye yo pou fanmi yo ka antere yo nan diyite
Polisye pa Chen ! Se Moun yo ye! Se Pitit pèp la yo ye !
Moman an rive pou Lapolis fè yon sèl ak pèp la pou rezoud pwoblèm nan. Toutotan PHTK sou Pouvwa a, Bandi ak Kontinye taye Banda, Polisye ak pèp la ap Kontinye Viktim
Pou otantifikasyon:
Sn. Ricard Pierre
Mag. Rony Colin
Sn. Anthonio Cheramy
Me André Michel
Sn. Nenel Cassy
Mme Marjory Miche