Pou Nou kontinye lite pou retire Ayiti nan eta kritik ke Leta kowonpi E iresponsab sa a mete li ;
Pou nou fè lemond antye tande Kri Ayiti kap jemi anba bòt yon Bann peyi fo zanmi;
Pou nou di twòp san koule, twòp gang, twòp krim, twòp gwo Zam otomatik nan yon peyi ki pa fè Zam e kite gen anbago sou zam, twòp ensekirite, twòp Moun mouri;
Nou pral di peyi ki di yo se Zanmi peyi Dayiti yo, nou vle yon lòt fòm kooperasyon, sispann sipòte pouvwa kap vyole dwa Moun, kap kidnape moun, kap fè masak Toupatou pou yo ka tabli Diktati.;

Madi 18 Mai 2021
Nap mache pou nal di Nasyon zini, OEA. Kògwoup, Gouvènman Ameriken, kanada, lafrans, espagn ak lòt konplis yo, nou pap tounen ak Diktati ankò, pouvwa sa a paka Òganize eleksyon manda tout Dirijan fini depi 7 fevriye 2021 atil 134-2 , epi Konstitisyon 1987 amande a nan Atik 284-3 pa bay pèson dwa pou fè referandòm.
Pou tèt sa, yon Bann Asosiasyon ak Òganizasyon, gason ak fanm vanyan konsekan,konpetan, onèt e nasyonalis, mete ak VOIHLA Inc. (Voice of Haitians Living Abroad) Vwa Ayisyen kap viv laba, ak HaitiBrigade Inc. Invite tout moun ki vle yon lòt Ayiti kote Moun ka viv kou moun, nan gwo mach yap òganize jou 18 Mai 2021 kap fè drapo nou an 218 lane depi li te kreye.
Adrès mach la ap fèt la se nan Corner 3rd street South West ak Independence Avenue Washington DC.

Avèk drapo nou ki se senbòl libète ak fyète nou, nou pral mache ansanm ak yon Bann Lejand peyi nou genyen Tankou Carolle Demersmin, Farah Juste, Beethova Obas, king Kino, Larose Dieudonne, James Germain, Isolan ak lòt Sipriz toujou. Attoney General Whashngton DC Karl Racine ap vi n mache pou di Ayiti pa merite sa , Manm Kongrè ak aktivis Ameriken ap la. Gen Responsab Òganizasyon Dwa Moun ki pral mache pou Dwa Moun respekte nan Peyi Dayiti kòm Dr. Josuè Renaud et Pierre Esperance.
Tout Ayisyen kap viv laba vle mete yo ansanm avèk ou pou Nou travay pou yon lòt Ayiti. Manman nou Ayiti pap peri, nap wete tout patipri pou nou pran desten nou nan men., ansanm pou nou travay, konsa nou va devye tout konplo ènmi ki pa vle peyi nou devlope .
Se Lynyon ki fòs nou..-
Moun ki siyen se
Ernst Vilsaint
Sabine Philippe
Astrel Jean Garry
Yvrose Célestin.