Minis Judith Nazareth Auguste a reaktive sèvis « MHAVE à l’écoute » la

Spread the love

Konferans pou laprès : Minis Judith Nazareth Auguste eksplike nan mikro laprès ki pibon mannyè pou moun ki nan Dyaspora yo genyen pou pote èd bay viktim yo

Minis ayisyen kap viv aletranje yo (MHAVE), Judith Nazareth Auguste te rankonte laprès jounen vandredi 20 dawout 2021, nan sal konferans ministè a, pou li eksplike yo tout desizyon Leta Ayisyen pran pou pote èd bay viktim tranblemanntè ki frape grand sid la, 14 dawout ki sot pase a. Minis la fè konnen se sèl Direksyon Pwoteksyon Sivil (DPC) ki la pou resevwa èd nan non Leta Ayisyen. Moun osnon òganizasyon ki nan Dyaspora kap toujou kontakte MHAVE pou konnen ki pi bon mannyè pou Dyaspora a kap pote kole pou ede moun ki viktim yo. Kontak yo kapab toujou pase nan Ministè men MHAVE ap gen pou oryante yo nan DPC. Se pou rezon sa MHAVE te gentan prepare yon nòt pou di se sèl DPC ki gen dwa resevwa èd pou viktim yo
Nan sans sa, Ministè a reaktive sèvis « MHAVE à l’écoute » ki la pou resevwa apèl tout moun nan Dyaspora ki bezwen jwenn enfòmasyon sou fanmi yo nan gran sid peyi a. Minis Judith Nazareth Auguste te deja òganize sou enstriksyon Premye Minis la, Doktè Ariel Henry yon rankont vityèl (vizyokonferans) ak plizyè òganizasyon nan Dyaspora a pou mete kanpe yon sou komite kap gen ladan l yon reprezantan plizyè òganizasyon ak federasyon òganizasyon ki nan Dyaspora a pami yo: Coalition of Haitians Diaspora Organizations (COODAH), Fondasyon Zile, SOS Haiti/ Chili, Intégration de la Diaspora pour l’émergence d’une nouvelle Haiti (IDENH), Fédération Haïtienne de la Diaspora de l’Europe, Haitian Diaspora Ressources World Wide, Association des Médecins Haitiens de l’Étranger, Fédération Haitienne de la Diaspora (FHD), Réseau National des Elus Haitiano-Américains (NHAEON). Oganizasyon sa yo chwazi sou baz sa yo reprezante anndan kominote yo ye. Oganizasyon sa yo ap gen pou chwazi yon moun pou fè pati komite miltisektoryèl la.
Minis Judith Nazareth Auguste fè konnen tou gen yon lis tout bezwen pou moun ki viktim yo Gouvènman an te deja prepare pou tout moun ki vle pote sipò yo bay moun rejyon gran sid la. Nan lis la wap konnen kisa ou ka pote, nou menm nan MHAVE nap oryante w bay Direksyon Pwoteksyon Sivil. Se poutèt sa, Minis la ap siyale pou tout moun MHAVE pap resevwa ni don an espès ni don an nati nan men okenn òganizasyon nan Dyaspora. Okenn òganizasyon , ni federasyon nan Dyaspora pa gen lidèchip pou kowòdone zafè èd pou viktim yo.

Direksyon Kominikasyon MHAVE la

About admin

Check Also

« Akò Lari A » : Révérend Rudy LAURENT, le seul habilité à signer au nom de la Coordination

Spread the loveLa Coordination générale de « Akò Lari A » s’empresse de porter à la connaissance …